Warning: Parameter 1 to f_queue() expected to be a reference, value given in /home/customer/www/agriculture.gouv.ht/public_html/view/01/ecrire/inc/utils.php on line 119
Ministère de l’Agriculture - Diskou ofisyèl Minis Agrikilti a nan Kan Jenès la nan Lakayè
Unipaj Twitter Youtube Sit la an kreyòl
Logo du MARNDR Sib
AgriExt
Unité de Protection Sanitaire
Projet Territoires Productifs Résilients
Ouragan Matthew
Suivi des Investissements Publics
Promotion des Investissements
Appui institutionel
Filières de Production
Infrastructures rurales
Chantiers du MARNDR
Politique Agricole
secteur agricole
Accueil > Actualités > Diskou ofisyèl Minis Agrikilti a nan Kan Jenès la nan Lakayè

Diskou ofisyèl Minis Agrikilti a nan Kan Jenès la nan Lakayè

Medam, Mesye manm gouvènman an,
Medam, Mesye Palmantè yo,
Medam, Mesye Anbasadè yo,
Medam, Mesye manb Kominote entènasyonal la,
Medam, Mesye direktè jeneral ak
Medam, mesye direktè depatmantal yo,
Medam, Mesye jounalis yo,
Medam, Mesye envite yo,
Jèn nan tout peyi a, espesyalman jèn ki isit la a,
Oganizasyon jèn toupatou nan Peyi a,

Gouvènman an ak Ministè Agrikilti ki fè aktivite sa a posib jounen jodi a nan Lakayè, mete ak prezans nou menm, tout jèn, nan tout kat kwen Peyi a. Mwen wete chapo m byen ba douvan Jenès la, pou m’ di nou tout Ayibobo e Mèsi dèske, nou la a ansanm, pou n’al pale : Peyi, Agrikilti ak Jenès la.

Inisyativ sa a li enpòtan anpil pou nou menm nan Ministè Agrikilti. Ministè a, menm jan ak tout lòt enstitisyon Leta nan Peyi Dayiti bezwen fòs kouraj Jenès la, pou l’ kapab fè Agrikilti a kontinye vanse pou pi devan, tankou nou kòmanse fè l deja depi kèk lane.

Lè nou te sezi fich teknik Pwojè sa a, nou te konprann touswit fòk jenès la te patisipe, nan ede remanbre sistèm Agrikilti a pou tout pitit Peyi a kapab jwenn Kichòy pou yo manje. Lè yon pèp gen manje pou l manje, li pa ret a lòt pèp, li gen fòs pou l pran chimen devlopman an ; e fòs sa a, li pa lòt kote se lakay nou menm jèn fanm ak jèn gason Peyi Dayiti. Se sak fè mwen menm Toma Jak Minis Agrikilti Peyi m, nan dènye tan sa yo, m te deside adopte yon metòd transvèsal, ki vle di pase pran tout resous nou yo kèlkilanswa kote yo ye, ak tout zouti Leta genyen, pou fè yon sèl pou ede Pwodiksyon Agrikòl la. Fwa sa a, nou kwè tout bon vre, se Jenès la ki pòt flanbo Agrikilti tounèf la.

Agrikilti Jenès la se denmen miyò Peyi a

Ministè Agrikilti ap batay pou l modènize sistèm Agrikilti nan Peyi Dayiti avèk fèb mwayen li genyen yo. Li kwè tou nan menm sans la, se sou do Lajenès Agrikilti tounèf sa a dwe chita, paske fòmil Repiblik la di nou : « Anpil men chay pa Lou ». Kidonk Jodia pòt la tou louvri pou Jenès la pote kole ak bèl lide, bèl pwojè pou refè eskanp figi Agrikilti Peyi a.

Mwen kwè se pa pou granmesi nou chwazi Lakayè kòm destinasyon senbolik pou mete chita Jèn ak Jèn nan Lespwa yon denmen miyò Politik tè a, nan itilizasyon yo pou kreye richès. Nou menm Jèn nou ka kreye richès pou Peyi nou, menm jan ak Jèn fanm sa a Katrin Flon ki te kreye Drapo pou Peyi l. Se pou jodi a menm, nou poze tèt nou Kesyon sa a : kisa yon moun ka fè yon lòt paka fè, kidonk kisa lòt peyi k’ap vanse yo fè, nou menm noun paka fè ? Eben jodi a, isit nan Lakayè, site Drapo a, mwen vin di nou, sekrè a se nan men nou li ye : Jenès la.

Tankou Ministè a abitye fè l, kore pwodiksyon agrikòl ti plantè nou yo toupatou nan Peyi a, n’ap kontinye sou plizyè fòm kore zouti endepandans ekonomik la. Nan mwa Dawou 2014 sa a, yon lane pou fè yon syèk masak tipeyizan nou yo, nan batay kont Lokipasyon Blan Meriken ak kòve, te disparèt tout jèvrin Pwodiksyon Agrikòl ak Elvaj nan Peyi nou. Kan Agrikòl Jenès sa a, dwe pèmèt nou kòmnase reflechi nou menm jèn pou transfòme tèt nou, kòm bonjan zouti Agrikòl pou libere pèp Ayisyen nan grangou ak malsite y ap viv depi lontan.

Nan faz nou rive la, Ministè a bezwen lòt kalte resous moun, pou l kabap mache pi vit, nan kreye dinamik pwogrè sosyal la. Agrikilti a dwe, yon metye pou tout moun a kote jefò enstitisyon yo ap fè san rete pou ede pèp la jwenn manje. Anviwonman an rete yon devwa sivik a kote jefò enstitisyon yo ap fè pou ede lave visaj sistèm nan.
Jenès Dayiti se kounyeya menm pou ou angaje w nan sansibilize lòt jèn, nan Peyi w, frè w, sè w, fanmi w, pitit ou, nan kònen lanbi pou konbit Agrikilti tounèf la. M’ap pale de yon Agrikilti tounèf pou de rezon : premye a, se paske kounyeya, nou gen opòtinite pou bay kèk lòt Peyi k’ap ede nou yo manje nan plas lajan likid. Dezyèm nan se, pou nou genyen efektivman yon jenès solid k’ap travay pou remanbre epi entansifye Agrikilti a, fòk li aprann pwodwi manje pou l manje. Nan sans sa a, l’ap rezoud youn nan pi gwo pwoblèm Limanite ki se : la sagesse par la comparaison ou par l’observation de la nature.

Lè nou menm jèn mete yon noyo fwi anba tè, li ede tèt li, li ede nati a, paske ti grenn sa a, ti grenn bwa sa a, demen maten pral bay nesans ak yon pakèt lòt, k’ap itil pou Lavni nou, nan Nati a. Yon lòt bò, li aprann nou menm Jèn vin kiltive sa yo rele : pasyans ak atansyon. Sa ki pral debouche sou yon pi gwo eleman nan egzistans nou, ki se Lesperans.

Eben Jodi a m’ap di nou, malgre pwoblèm Peyi nou an ap fè fas, si nou menm Lajenès nou travay refleksyon nou nan domèn sa a ki se Pwodiksyon Agrikòl ak Pwoteksyon Anviwonman an, menm Ministè a deja dispoze plizyè Kannva nan sans sa a ak pou sibvansyon, san konte dispozisyon teknik ; n’ap kapab depi kounyeya menm, kiltive Lespwa nan yon denmen miyò.

Mwen di nou koze sa yo, paske Agrikilti a, nan li menm menm, li ede nou rezoud de lòt pi gwo pwoblèm Peyi nou an, ki se : Le retour de l’homme à soi, et la morale sociale. Nou mèt al reflechi sou pwen sa yo, nou menm Jèn.

Agrikilti, Anviwonman, Jenès la fe yon Trinite

N’ap kontinye fè gwo jefò san rete pou nou rive ede Jenès la jwenn Ayiti kote l’ap santi l pi byen an. Ayiti kote nou tout, n’ap santi nou pi byen an. Pou Ayiti sa a, n’ap di w mèsi, lè se avèk ou, n’ap batize pwogram sa a, Ministè a ap fè ki rele : Kan Agrikilti Jenès. Mwen kwè l’ap rete yon leson nan tèt nou tout, divès kalte konesans n’ap gen pou n aprann la, pandan yon ti tan tou kout, men ki kapab bon anpil pou lespri nou. Kite m di nou, li kapab konsidere kòm premye pa ak ankadreman epi fòmasyon kontini, Jenès la sipoze jwenn, nan menm domèn nan, atravè lòt enstitisyon dekonsantre nou yo.

Pilye Agrikilti nou an, nan Peyi a pèmèt mwen di nou, se nan devlopman riral la, n’ap rive frennen egzòd ak ti peyizan k’ap abandone tè a pou vin boloze lavi l, e se nan esplwasyon resous natirèl nan pwofi peyi a, n’ap rive fè jenès la pran konsyans de valè li, kòm kategori ki kapab mete Peyi a kanpe sou de pye militè l.

Lontan li te kapab pi fasil pou moun ki gran pase nou yo, paske te genyen plis kouvèti forestyè, men jounen jodia li diminye anpil, nan sans sa a, li lojik pou nou konpran n chak fwa n’ap detwi nati a se pwòp tèt nou, n’ap dechèpiye. Kidonk Gouvènman an te entelijan anpil, lè l te deklarare nan kòmansman Lane sa, se yo ane Rebwazman, li di nou : Yon Ayisyen, Yon Pye Bwa.

Nou dwe pran Agrikilti a ak Anviwonman pou chwal batay nou pou rezon sa yo : yon moun k’ap fè Agrikilti se yon moralis, alòs nou wè gen gwo depravasyon nan mitan nou. Yon moun k’ap pwoteje nati a, k’ap plante, k’ap fè Agrikilti se yon moun k’ap kiltive Lanmou, e an menm tan tou, li reyalize yon travay biyochimik estwòdinè, ki pèmèt li kontinye viv e bay lòt lavi, ki se : échange du gaz carbonique du corps humain à l’oxygène de l’air des arbres.

Nou wè pou tout jèn rive viv lontan, se gras ak egzèsis sa : bay plant gaz kabonik ki soti nan kò nou, epi yo menm tou y ap bannou oksijèn ke yo genyen. Se nan sans sa mwen di, lè nou pa plante, lè nou pa pwoteje anviwonman nou, non sèlman nou pap jwenn manje pou nou manje, men nou pap jwen oksijèn tou pou nou respire, pou nou kontinye viv. Kidonk n’ap fini sou pye. Ebyen pou peyi a, pa fini sou pye fòk nou mete men nou nan latè.
Mesaj ak Jenès la

Avan m fini ti koze mwen ak jenès la, nan pwogram kan Agrikilti, jenès la nan Lakayè. M’ap raple nou ke Leta jounen jodi a mwen ladann nan, ap kontinye akonpaye, ankadre, sipòte inisyativ ke jenès Peyi a pran pou ede tèt yo, pou ede bèl fanm sa ki pote non : Ayiti.

Ministè Agrikilti ap travay san rete pou bay Agrikilti peyi nou an ak konplisite jenès la yon lòt nivo. Paske nou konte sou kategori sa a, sou konpetans li, sou fòs li ak volonte l pou l’ aprann plis toujou nan chimen sa a, paske Agrikilti peyi nou an, se fòs jenès la.

Ministè a nan tèt kole ak lòt enstitsyon l yo konnen pou yo sansibilize jenès la, tankou menm jan mwen mande nou pou nou fè sa, nan kat kwen Peyi a sou jan n’ap manje, sekirite alimantè nou, li toujou pi bon pou nou konsonmen lokal, sa nou pwodwi lakay nou. Jan nou konnen l deja, dim kisaw manje m’ap diw konbe tan w’ap viv.

Ministè Agrikilti ap di Jenès la pa gen demokrasi, pa gen libète, san konkou nou menm jèn pou refè Agrikilti nou an.
Ministè m’ap dirije a, prè pou l’ travay ak jenès la nan reyalize pwojè Agrikòl li genyen, ki ka ede Peyi a vanse pou pi douvan.

M’ap swete ak tout jèn ki la yo, pou yo konpran n byen, si Agrikilti se Lavi paske li soti nan tè ki bay lavi, enbe Kan Jenès Agrikilti n’ap òganize nan Lakayè ,se chimen limyè pou klere wout lavi sa a.

Ayibobo pou tout Jenès la,
Ayibobo pou Agrikilti Peyi mwen,
Ayibobo pou Drapo Peyim,
Ayibobo pou Repiblik la.